Mwen sonje rèl yo
Rèl trip vid, trip trese Lodè soup joumou a K’ap fè m’ filalang Toumante m’ Touye m’
Rèl rigwaz Anwo zo kòt Zo ponyèt Zo pye Kalbas tèt Kò kraze Kò pile Kò blende Nan pwen ma Nan pwen dlo Kò fini
Tranche yon manman Ki resevwa yon nouvèl fè nwa
Rèl yon nasyon Ki eksploze Tankou yon alimèt Ki kontre ak ti kal idrojèn
Rèl yon lanbi Ki di sa twòp atò Kilè pou blakawout la leve
Mwen sonje dlo yo Dlo kò nou : Dlo sale Dlo kimen Ki pa rive kont Pou pwòpte soufrans Dlo rivyè fwad Dlo anwo tijo Dlo laplenn… Dlo!
Lapli Inondasyon Siklòn… Tout dlo sa yo Te derefize Osinon yo pat kapab Yo pat janm ase Yo pat janm kont Pou yo fè n’ Bwè nan yon lòt gode
Se konsa sa te pase Mwen sèten Listwa nou Se tankou yon bag maryaj Yon metal lis epi ki menm gwosè toupatou Ou mèt vire vire vire l’ ankò Se sou menm bagay la w’ap tonbe
Se konsa sa toujou ye bò isit la Chanmòt la mèt tifi Li mèt tounen sann dife Li mèt leve anba tè Wa di yon pye mapou K’ap pouse ak pwòp vizyon l’ Pwòp espwa l’ Pwòp souvni l’ Sak fèt la fèt nèt