Sa l ye la a !
Sa m tande la a !
Kouman mezanmi !
Nou pa konnen tè a se nou,
Se glòb tè a ki manman n ?
Nou dwe renmen l
Menmjan nou renmen tèt nou.
Wi, nou dwe proteje l.
Mwen wè nou anpeche l viv,
Nou anpeche l respire,
N ap nwi sante’l,
Nou fè l chagren.
Sa l ye la menm !
Sa m tande la a !
Apa nou koz tè a malad
Se tande nou pa tande S.O.S
Pou nou fè vit pote l sekou.
E pa gen manfouben
Ki fè tankou yo pa tande.
O ! nou pa wè manman n malad,
Y’ap pote l sou branka.
Annavan ! ann fè sa nou kapab,
Tout sa nou konnen
Anvan twòta bare nou.